Pray for Haiti

Let us pray for Haiti in the aftermath of the terrible January 12th earthquake. Our thoughts go to the homeless, injured, and perished in this disaster.

Here are some prayers in Creole. May God bless all the victims of this unfortunate disaster.




creole prayer

Lapriyè Lejyon-an Kòmansman lapriyè a
O Non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen An !Amèn !

Vini Lespri Sen, antre pi fon nan kè patizan ou yo, fè yo cho ak dife renmen pa w la, Granmèt voye Lespri a
Ki fè fas tè a vin tou nèf . An nou lapriyè: Granmèt, pa pouvwa mèvèy kache Lespri Sen an ki desann sou apot yo, ou fè Legliz ou a vin sen nan tout pèp ak nan tout nasyon yo. Tanpri, vide kado Lespri Sen an sou tou sa w te kreye, e kontinye fè nan kè sila yo ki kwè nan ou bèl travay renmen-an ou te kòmanse reyalize, lè apot yo t’ap preche Levanjil la. Pa pouvwa Jezi-Kri, Granmèt nou an.- Amèn !

= Granmèt, louvri bouch mwen !- E bouch mwen va fè lwanj pou ou != Bondye, tanpri vin ede m’ !- Granmèt, prese vin’ pote m’ sekou != Viv Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an !- Kòm o kòmansman, ni jodi a, ni toulejou epi tout tan gen tan. Amèn !
(5 dizèn chaplè)Nou salye w, ou menm ki rèn, ou’k manman kè sansib, ou ki lavi nou, kontantman kè nou, espwa nou, nou salye w. Nou menm pitit Adan ak Ev, nou ki egzile sou tè mizè sa a, n’ap plenyen, n’ap rele ba ou, n’ap kriye nan pye w ak dlo nan je nou. Tanpri souple ou menm k’ap defann kòz nou, montre ou gen bon kè, voye je w sou nou. E lè na kite tè sa a, montre nou Jezi bèl pitit ou fè a, ou menm ki vyèj e ki pran ka moun, ou menm ki dous e ki gen kè sansib, O Mari !

= Ou menm ki sen e ki Manman Bondye, lapriyè pou nou !- Pou nou merite jwenn favè Jezi-Kri promèt nou yo ! An nou lapriyè: Bondye, se lavi, lanmò ak leve byen vivan Jezi-Kri sèl Pitit ou a, ki te merite pou nou delivrans ki pap janm fini an. Etan n’ap kalkile ak rozè Lavyèj Mari a sou tout gran evenman sa yo, tanpri fè nou viv dapre egzanp yo ba nou, efè nou rive jwenn sa yo pwomèt pa pouvwa Jezi-Kri, Granmèt nou an. Amèn !


Request a distance healing session for a loved one in Haiti.
from Pray for Haiti back to Prayers for Special Help

Popular Prayers

Share These Prayer Pictures!

Prayers

popular prayers